Sezisman manke touye m.
Mwen pa sezi arete tèt anba Jovenel Moïse ap pran yo. Foli yon diktatè se diktati. Yon jou, tankou nan yon woman gran ekriven latinoameriken yo ; l ap di dlo pa rele dlo, solèy se lalin, manman ak papa bay timoun ki grangou manje poud bwa e di yo se farin, elektrisite 24 sou 24 nan yon kote pa gen ni yon anpoul ni yon plòg ki limen, e l ap ajoute, si abitan kote sa a pa wè elektrisite ki pa egzsite a, se paske fè nwa andedan kè yo avegle yo. Pou yon diktatè se yon bagay ki fasil, reyalite ki kontrarye li a, li nye l ; moun ki anmède l li mete zam ; li fè sa li vle, di sa li vle, nanpwen limit li pa p janbe.
M pa sezi nonplis anbasad ameriken aplodi sèvitè l. Devan Etazini Jovenel Moïse se yon esklav, anfas Ayiti se yon kòmandè. Tout moun ki te kwè oswa fè kòm si yo kwè Etazini t ap defann demokrasi, yo te bliye Duvalier, Pinochet ak tout lòt diktatè yo pwoteje, kolabore ak yo kant se pa t yo ki te enstale yo dirèkteman.
Mwen pas sezi anfen eleman nan boujwazi a k ap soutni Jovenel Moïse oswa ki rete an silans ap gade tantativ pou enstale yon diktati. Yo rayi pèp e yo konnen yon vre demokrasi kapab atake privilèj yo. Yo pito viv nan laperèz diktati pa frape yo, menm grenn pa grenn, fè ti figi, bese ba pou yo kontinye benyen nan dlo sal privilèj ak prejije yo. Moral yo se kont anbank yo.
Sezisman manke touye m. Yon jèn gason ki si tèlman kontan parèt nan televizyon li rele tout moun di yo li “neutre” sou diktati Jovenel Moïse vle enstale nan peyi a, kidonk sou Konsèy elektoral ilegal la, sou posiblite oswa enposiblite pou fè eleksyon anba pouvwa Jovenel Moïse la.
Yo di pale franse gen dan. Kapab franse m pa kont pou m konprann sans mo « neutre » la nan kontèks sa a. Li ajoute li reyaji « en technicien en politique ». M mele pi rèd. Gen lè gen yon lekòl an politik kote yo aprann moun « neutre ». Pòv fo save ki pa konnen konben « neutre » ki pran prizon sou Duvalier, konben « neutre » diktati Amerik Latin yo mare nan elikoptè epi lage yo nan lanmè, konben pwofesè inivèsite ki bije vale krache yo, di sa yo konnen ki pa sa, pou yo pa pèdi djòb yo ouswa lavi yo.
Ala yon « neutralité» m pa pè ! Devan diktati pa gen « neutre », diktati se pa yon pati kont lòt pati, se yon pratik ki rezoud tout pwoblèm ak vyolans e ki pa rekonèt dwa politik ak sivil sitwayen. Diktati gen dwa marye ak yon fanm oswa yon gason ou pa renmen, fòse w denonse manman w ak papa w, transfòme w an bèt pou w ka siviv. Malerezman diktati toujou apiye sou dezoutwa eleman ki al etidye pa konprann oswa ki pran pòz yo « neutre ».
Lyonel Trouillot, 22 septanm 2020